Dyaspora ayisyen nan São Paulo: wòl èd mityèl nan tan pandemi Covid 19 la

Marcelo Giacomazzi Camargo

(Programa de Pós-Graduação em Antropologia Social/Universidade de Brasília)

9 novanm 2020

Nan peyi Brezil ak nan lòt peyi nan monn nan, gen kèk popilasyon ke pandemi kowonaviris la afekte plis. Selon BBC Brezil(I), popilasyon ki pi pòv yo toupatou fè fas a kondisyon difisil espesyalman pandan peryòd pandemi a. Nan ka vil São Paulo patikilyèman, reyalite sila gen yon aspè rasyal ki enpòtan; nan kèk zòn nan vil la, kondisyon ekonomik negatif ansamn avèk kriz sanitè a rann lavi moun nwa yo pi difisil (II). Sa vle di, popilasyon nwa yo k ap viv nan zòn periferik nan São Paulo a fè fas a anpil ka kowonaviris, te gen anpil moun ki pa t gen travay epi gen lòt ki vin pèdi travay yo, eleman sa yo vin ogmante gwo kantite moun k ap viv nan ensekirite alimantè.
Sitiyasyon sa yo afekte ayisiyen yo k ap viv nan vil São Paulo a tou. Anpil nan moun sa yo ap viv nan rejyon kote pandemi a te kreye anpil obstak. Nan sant vil la, USIH – União Social dos Imigrantes Haitianos –, yon òganizasyon ayisiyen k ap travay de fason endepandan pou kolekte enfòmasyon epi tou pou jwenn resous pou ede popilasyon migran ayisyen fè fas ak difikilte ki prezante nan moman aktyèl la.
USIH la te kreye nan lane 2015 pou ofri sipò a ayisiyen ki vin chache lavi nan Brezil epi pou egzije gouvenman lokal ak federal yo pou ofri sipò jiridik a imigran k ap viv nan peyi a. Nan lane ki te pase yo, USIH te kolabore avèk anpil òganizasyon brezilyen k ap batay pou dwa moun, dwa travay ak jistis sosyal nan vil São Paulo ak nan lòt eta nan Brezil. San sipò finansye ekstèn, aktivite USIH yo depann totalman de dedikasyon manm li yo ak don ke yo fè. Jodi a, l ap travay espesyalman pou jwenn manje ak pwodwi ijyenik pou moun ki nan sitiyasyon vilnerab yo. Se anviwon 350 fanmi ki resevwa èd ke USIH ofri yo. Pifò nan fanmi sa yo ap viv nan ekstrèm sid, nò ak lès nan vil São Paulo a.
Misyon òganizasyon yo pa chanje nan peryòd pandemi a, okontrè, òganizasyon an te vin pi empòtan. Si travay USIH se bay ayisyen yo sipò, lite pou yo gen aksè a dwa ke lwa brezilien yo pwomèt, nan moman pandemi a, bagay sa yo vin ogmante, pliske efò pou jwenn manje ak pwodwi ijyènik vin tounen yon ijans.
Sa vle di òganizasyon an konprann sitiyasyon ayisyen yo pandan pandemi a epi li pataje menm nesesite ak lòt aysiyen yo nan tout lòt moman yo ap viv nan peyi Brezil: enstabilite, rekonensans ak aksè a resous ki pèmèt yo ka chache lavi fason yo konnen – atravè sipò mityèl. Okipasyon Rua da Mooca nan zòn lès São Paulo a se yon bon egzanp de sipò mityèl sa a. Se yon espas kote plizyè santèn fanmi ayisyen ak brezilyen ap viv depi 2018; bilding yo okipe a, se te yon faktori, epi kounye a li sèvi kòm kay pou anpil moun ki eskli nan mache lojman predatè São Paulo a (III).
Moun k ap viv nan okipasyon sa a – ayisyen ak brezilyen – fòme yon koletif k ap egzije pi bon kondisyon lojman pou moun São Paulo k ap fè fas a difikilte esktritirèl tankou povrete, rasis ak zenofobi. Aksyon sa yo montre ke yo refize viv nan lari pandan gen kote ki kapab sèvi abri – fè de bagay an menm tan. Yon bò, aksyon yo montre ke anba opresyon, moun ki oprime yo kapab rankontre pou kreye altènativ ki ka ede yo fè fas a move sitiyasyon, nan yon lòt bò, yo montre ke li posib pou yo ini fòm èd mityèl ayisyen yo – kòm fè diskisyon pou konprann yon seri pwoblèm sosyopolitik, prezante literati sou Ayiti ak diaspora ayisiyen an te anrejistre – avèk lòt fòm batay pou dwa moun ki te deja egziste nan peyi Brezil.
Ane sa a, pwoblèm ki afekte anpil ayisyen ak brezilyen nan okipasyon Rua da Mooca se ke moun sa yo ap viv nan ensekirite alimantè epi yo pa kapab kenbe mezi ijyèn apwopriye kont kowonaviris la. Òganizasyon tankou USIH tante bay kontribisyon yo kapab pou ede rezoud kesyon sa yo; yo vizite okipasyon yo, pale ak rezidan yo epi eseye vini ak solisyon. San yo pa jwenn sipò gouvènman lokal oswa federal yo, ki pa travay pou korije konfigirasyon ekstritirèl ki pwodwi kondisyon sa yo, avèk èd limite òganizasyon yo k ap travay pou dwa migran an jeneral yo – paske yo travay nan limit kapasite yo menm nan sikostans difisil yo – moun so yo montre èd mityèl kominotè se prensipal wout la pou yo garanti siviv yo.
Pwoblèm yo te kòmanse agrave depi nan kòmansman kriz sanitè a, lè anpil ayisyen ak brezilyen pa t kapab resevwa èd ijans ke otorite federal yo te pwomèt la. Malgre gwoup ki travay pou dwa migran yo te mobilize pou gide yo nan pwosesis biwokratik pou mande èd ijans lan, wout pou te gen aksè a garanti sa a te rete femèn pou anpil ayisyen nan vil São Paulo a – epi lang pòtigè a te toujou prezante yon gwo baryè pou ayisyen yo.
Konsekans lan, nou wè anpil moun oblije abandone kay yo, pafwa se zanmi ak vwazen ki konn ofri espas nan kay yo, lè sa posib, kòm abri pou moun ki pa gen kote pou yo rete. Nan menm tan, yon rezo swen te kòmanse fòme, ak moun ki t ap pataje remèd fèy – tankou asosi, yon melanj ke moun yo di ki gen pwopriyete pou geri moun – pou komplete lòt estrateji pou fè moun yo rete an bòn sante.
Eleman sa yo sèvi kòm prèv pou montre kondisyon delika ke pandemi kowonaviris la kreye, an menm tan, li revele ke inegalite istorik ki gen nan sosyete brezilyèn nan kontinye pèsiste epi tou li montre san rezistans ak lit kondisyon sa yo pap chanje. Rezo kolektif ki parèt sou liy vwazinaj, amitye ak solidarite nasyonal ak transnasyonal sòti pou fè fas a tout kalite prekarite epi pran dispozisyon pou demen ka miyò.