Gouvènman ayisyen fas ak relouvèti lekòl ant pawòl e aksyon

Junior Jean, siko-pedagòg e edikatè

Juniorjean777@gmail.com

14 out 2020

Boukle lane akademik 2019-2020 an parèt kòm yon prewokipasyon pou gouvènman ayisyen nan moman sa a. Men, pou plizyè rezon, prewokipasyon sa a sanble yon paradòks, pliske nou konnen ke kowonaviris la se pa inik evenman ki koze prejidis ak lane eskolè sa a, sa vle di, byen anvan pandemi Covid-19 la te kòmanse nan peyi a, mouvman peyi lock ki te dekrete nan tout peyi a kont koripsyon, movèz gouvènans, lavi chè elatriye te rann lekòl yo fèmen pandan plizyè mwa. Lòt eleman ki eksprime paradòks sa a, se paske Leta ayisyen poko bay pwofesè yo èd ke yo te pwomèt yo pou te fè fas ak kowonaviris la, anplis de sa, yo pa reponn demann pwofesè lekòl piblik ki kontinye ap manifeste pou egzije Leta peye salè yo, mande yon kondisyon travay ki miyò. Anplis, otorite yo pa di anyen pou paran ki gen pitit k ap etidye nan lekòl prive yo, ki pa gen okenn kondisyon pou voye ti moun yo lekòl.
Pou relouvèti lekòl la, Ministè Edikasyon Nasyonal la te anonse lekòl yo dwe gen dlo pou elèv yo kapab lave men yo, dwe gen blòk sanitè, klas ki gen 60 elèv dwe divize an 2 gwoup de 30. Pou pèmèt mezi otorite sanitè yo te anonse yo respekte, chak gwoup dwe ale lekòl pandan 3 jou nan semèn nan. Nan dat ki te 10 out la, te gen kèk lekòl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ki te akeyi elèv klas ofisyèl yo. Lise Toussaint (I) se youn nan lekòl sa yo. Malgre ministè a te di klas yo ta dwe gen 30 elèv, dirijan Lise sa a te fè konnen klas yo gen espas, pou rezon sa a, yo resevwa 60 elèv nan sal yo.
Reyèlman gen lekòl ki gen pi gwo espas pase lòt, men èske sa jistifye pou gen tout kanti elèv sa a nan yon sal? Pwen entèwogasyon. Nan yon premye tèks mwen te ekri sou relouvèti eskolè yo (II), mwen te atire atansyon nou sou kèk lekòl lise ki gen klas ki gen plis pase 100 elèv. Sitiyasyon sa a kontinye entèpele m antanke edikatè, pou m mande, èske otorite yo pa panse pou elèv lise sa yo? Distans sosyal ap ka respekte nan lekòl sa yo? Enspektè yo pa konnen sitiyasyon sa yo? Kijan otorite yo pral jere pwofesè yo, ki kontinye ap revandike dwa yo?
Pibliye dekrè, soti nòt se pwen fò gouvènman prezidan Jovenel Moïse ak minis Jouthe Joseph la. Sa vle di, otorite yo plis kontante yo nan ekri epi pibliye nòt olye yo atake pwoblèm reyèl popilasyon an. Sa vle di, li fasil pou yo ekri yon mesaj sou twitter, fè yon konferans nan laprès pou di kisa yo pral fè, men sa yo anonse yo pa janm rive realize menm a 20%, pafwa sa pa realize ditou.
Elèv yo te gentan pèdi 3 mwa nan peryòd peyi lock la, kowonaviris vin fè yo pèdi 4 mwa ankò. Reyèlman, se yon ane eskolè ki gaspiye. Aksyon otorite yo montre ke yo prewokipe ak boukle ane lekòl la, men se pa ak aprantisaj elèv yo. Sa vle di, si Leta te prewokipe ak fòmasyon elèv yo, epi yo ta vle boukle ane eskolè sa a nan yon fason pou elèv yo aprann kichòy, yo t ap reponn kèk nan demann pwofesè yo, tande doleyans paran yo.
Pou anpil direktè lekòl, gouvènman an pa gen volonte pou akonpli pwomès li te fè pwofesè yo. Patant DGI; kont bankè se sa Leta te mande direksyon lekòl yo nan objektif pou yo te kapab bay profesè yo ti èd pandan kowonaviris la, yo te fè yo, men yo pa janm satisfè pwofesè yo.
Anvan relouvèti aktivite yo, Jounalis Macean, nan Radio Mega, te reyalize yon repòtaj sou kèk lekòl nan kapital la. Li fè konnen, nan dat kite 6 out 2020 an, anpil nan lekòl li te vizite yo pa t gen dlo ni blòk sanitè. Kijan lekòl yo pral rive travay nan moman kote kowonaviris la poko fini? Minis edikasyon an te anonse ke ta pral gen tout bagay sa yo (dlo, blòk sanitè), men selon konsta Jounalis la, sa kontinye rete nan kad pwomès.
Se pa sèlman kowonaviris la ki reprezante yon danje pou boukle ane lekòl la. Sa vle di, ensekirite, lavi chè, pa gen elektrisite, gang ame k ap opere gran jounen anba je otorite yo, se kèk lòt bagay ki plis prewokipan nan moman kote aktivite eskolè yo ap rekòmanse a.
Sitiyasyon ensekirite a te deja kreye anpil laperèz depi anvan pandemi Covid-19 la, nan popilasyon an. Nan moman konnye a, majorite gang ki genyen nan kapital la regwoupe an asosiyasyon, poutan gouvènman an pa fè okenn aksyon pou kontre kare gang sa yo. N ap kontinye ensiste ke Leta toujou rete Leta, kidonk, se otorite yo ki dwe bay popilasyon akonpayman. Li rive nan yon moman pou otorite travay plis epi pale mwens.