Kowonaviris an Ayiti: kout je sou relouvèti aktivite eskolè yo

Junior Jean, siko-pedagòg
Juniorjean777@ gmail.com
27 jiyè 2020

Sa fè anviwon kat mwa depi gouvènman Jovenel Moïse ak premye minis Jouthe Joseph la te pran desizyon pou te fèmen peyi a akòz maladi Covid-19 la. Men, nan jou kite 29 jen an, prezidan an te adrese ak nasyon an, li te anonse ke aktivite yo te pral rekòmanse, sa vle di, fwontyè yo te pral relouvri, ayewopò te pral fonksyone. Nan dat ki te 6 jiyè a, nan yon lòt mesaj ki te difize sou rezo sosyal yo, prezidan an te anonse dat ke kèk lòt enstitisyon nan peyi a pral relouvri pòt yo. Pami enstitisyon sa a yo, legliz ta pral rekomanse fonksyone nan dat 12 jiyè epi lekòl, inivèsite pwograme pou rekòmanse apati 10 out.
Anvan mwen reflechi sou aktivite eskolè ki pral rekòmanse yo, mwen vle poze kèk ti kesyon sou fason Leta ayisyen jere maladi Covid-19 la nan peyi a. Èske gouvènman an te byen jere kriz kowonaviris la? Èske desizyon ki te pran yo te kadre ak sitiyasyon peyi a? Yo te pran an chaj nesesite popilasyon an? Mezi yo te pran an yo te aplike kòrèkteman? Okenn moun pa bezwen fè gwo rechèch pou konen si Leta te byen jere kriz sanitè sa a, jis jounen jodi a, nou konnen gen zòn nan peyi a Leta pat janm voye je gade. Konsta Johnny Absolu (I) sou sitiyasyon moun Tilory nan fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan se yon bon ezanp. Sa vle di, Leta ayisyen lage popilasyon an sou kont “bon Dye bon”.
Prezidan Jovenel Moïse ak premye minis Jouthe Joseph, apre yo te fin pran desizyon pou te fèmen peyi a, yo te anonse ke te gen mezi akonpanyman pou sektè edikatif la. Mezi akonpanyman sa a yo te vize pwofesè lekòl klasik ak pwofesè inivèsite yo. Men, mezi sa yo pa janm rive jwenn kategori sosyal sa a, menm a 2%. Sa lakòz pwofesè yo ap manifeste chak jou pou mande èd gouvènman an te promèt yo a. Yon promès ke pwofesè yo pa konnen kilè y ap jwenn li. Minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet pale plizyè fwa sou radyo pou fè konnen ke èd sa a disponib, men se ministè finans ki pral distribiye l bay lekòl yo. Byenke se te yon mezi akonpanyman pou te ede pwofesè yo rete lakay pandan karantèn nan, men lekòl pral rekòmanse, sa pa janm rive konkretize.
Relouvèti lekòl la ap fèt nan 2 dat. Dat ki pral 10 out la, se pou elèv k ap gen pou ale nan egzamen ofisyèl. Epi elèv ki p ap nan egzamen ofisyèl yo pral pran chemen lekòl nan dat 17 out. Èske gouvènman an prepare pou resevwa elèv yo nan klas yo? Ki mezi yo pran pou sa? KIjan klas yo pral ye?
Avan maladi koze pa kowonanaviris te rive nan peyi a, lekòl yo t ap fonksyone avèk klas yo plen elèv. Nan lekòl lise yo gen klas ki gen plis pase 100 elèv. Elèv yo te konn youn sou lòt. Kòman distans sosyal la pral rive respekte nan klas sa a yo avèk Covid-19 la? Nou konnen trè byen ke gen anpil nan lekòl sa a yo ki pa gen gwo espas. Menm si gouvènman an mande pou yo fonksyone an 2 vakasyon, y ap toujou gen anpil elèv paske majorite nan yo te deja konn fonksyone an 2 vakasyon depi avan maladi sa a. Epi, sitiyasyon sa a pa diferan nan majorite kolèj nan peyi a, pliske anpil ladan yo ap fonksyone nan espas ki pa konstwi pou fè lekòl, menm espas yo pa genyen pou elèv soti nan rekreyasyon. Pou rezon sa a, menm nan lè rekreyasyon an, majorite elèv yo rete pil sou pil anndan klas yo.
Nan yon kondisyon konsa, li difisil menm enposib pou yo respekte distans sosyal otorite santè yo mande a. Ministè edikasyon nasyonal ki gen otorite sou tout lekòl ak inivèsite nan peyi a, p at janm ka akonpanye lekòl nan “tan nòmal”, men nan moman eksepsyonèl sa a, ki mòd akonpanyman lap ka bay lekòl sa yo pou pèmèt yo respekte prensip ijenik yo? Epi, kisa Leta ap di pou paran elèv yo, prensipalman sa ki nan kolèj yo, ki te deja nan yon sitiyasyon ekonomik deplorab ki vin pi difisil akòz maladi Covid-19 la. Nan yon sitiyasyon konsa anpil nan paran sa yo pap kapab voye timoun yo lekòl.
Malgre lekòl yo poko reprann, gen anpil nan kolèj yo ki kòmanse ap mande paran yo touche. Te menm gen lekòl ki te kòmanse tounen “magazen mas”. Koulè inifòm ou, koulè mas ou, sa vle di, yo t ap fabrike mas avèk twal ki menm koulè avèk inifòm lekòl yo pou vann elèv yo. Gen lekòl ki te gen tan mete avi deyò pou fè konnen ke se yon obligasyon pou elèv yo pote mas ki fèt ak twal inifòm lekòl la, yon mas ki ka koute jiska 1500 goud. Mwen pa menm bezwen reflechi sou kalite mas sa a yo ta pral genyen, paske se yon desizyon ki reyèlman inapwopriye. Se vre, Ministè Edikasyon Nasyonal pran pozisyon kont komès mas la, men lè nou konnen fason enstitisyon fonksyone nan peyi sa a, li enpòtan pou Ministè a enspekte lekòl yo, akonpanye lekòl yo epi tande doleyans paran ak elèv yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal an patenarya ak Ministè Sante Piblik dwe devlope politik sanitè pou diminye ris kontaminasyon yo nan lekòl ak nan inivèsite yo. Nou konnen ke sistèm sante ayisyen vrèman prekè, menm nan tan “nòmal” pat janm gen materyèl pou pwofesyonèl yo te fonksyone, sa fè gen plis prewokipasyon ak relouvèti lekòl ak inivèsite yo.
Si pou aktivite eskolè yo retounen “nòmal” nan nòmalite ki te egziste anvan pandemi an te kòmanse a, mwen ap tèmine refleksyon m nan ak 2 konsiderayon: i) swa dirijan ayisyen sèmante pou yo pa janm aprann anyen nan moman kriz yo, ii) osswa yo tèlman enkonpetan yo pa janm ka wè kalte danje ki pandye sou tèt peyi a. Malerezman, kèlkeswa sa ki valide nan konsiderasyon sa a yo, se tè yap voye sou peyi a ki te deja nan yon tou byen fon.

(I) ABSOLU, Johnny. Kowonaviris la nan fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn: konsta sou sitiyasyon moun Tilory. Disponib lan: https://cemiunicamp.com.br/ca/pandemi-kowonaviris-nan-peyi-dayiti-4/ aksè, 25/07/2020.