Kout je sou nouvo desizyon sou Kowonaviris an Ayiti

Frantz Rousseau Déus
04 jiyè 2020

Selon done ofisyèl sou Covid-19 la, Ayiti jodi a konte anviron 6.230 ka konfime, 1.286 moun rekipere epi 110 moun mouri. Sepandan, semèn pase a, jou ki te 29 jwen 2020 an, prezidan peyi a, Jovenel Moise, nan yon deklarasyon ofisyèl, te anonse rewouvèti gradyèl kèk aktivite nan peyi a, kote 30 jwen 2020 se te dat ki te fikse pou ouvri ayewopò Pòtoprens ak Okap epi rekòmanse ak vòl entènasyonal yo, epi tou ouvè fwontyè Ayiti ak Rebiblik Dominikèn. Selon sa jounal Le Figaro rapòte, menm si prezidan ayisyen te anonse ouvèti fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn lan, minis sante dominiken an te kontredi prezidan ayisyen an, paske selon minis lan, desizyon pou ouvri fwontyè a pot ko diskite ak prezidan dominiken an.
Pou minis sante ayisyen an, Marie-Greta Roy Clément, desizyon pou repran vwayaj entènasyona ak ouvè fwontyè yo, se pa yon erè (I) pwiske gouvènman an dwe jere kesyon sanitè yo epi li dwe jere kesyon ekonomik yo tou. Tout fwa Marie-Greta Roy Clément di moun k ap vwayaje yo dwe respekte mezi prekosyon ki rekòmande yo. Men, selon sa jounal Le Figaro ak jounal Orange rapòte, kò medikal ayisyen an trè prewokipe avèk repriz vòl entènasyonal yo, pwiske yo estime ke sa ka lakòz nouvo vag kowonaviris rantre nan peyi a.
Nan sa ki gen pou wè ak kesyon entèn, se sou kont twitter prezidan an, nan dat ki te 3 jiyè 2020 an, li te pral pibliye dat pou reouvèti kèk lòt enstitisyon tankou legliz, inivèsite ak lekòl. Prezidan Jovenel Moïse ekri sou twitter li, selon rekòmandasyon otorite sanitè yo ak selil syantifik la, aktivite relijye yo ap rekòmanse 12 jiyè 2020 epi lekòl ak inivèsite 10 out 2020. (II)
Byenke kowonaviris la kontinye okipe yon plas enpòtan nan deba entènasyonal yo, men aktyèlman, sitiyasyon sosyo-politik ak ekonomik Ayiti vin fè pandemi kowonaviris pa okipe premye plas, ni nan gouvènman an, ni nan sosyete sivil la. Gen plizyè faktè ki ka eksplike sa, non sèlman kondisyon lavi majorite popilasyon vin deteryore paske lavi chè ak ensekirite a vin ensipòtab, men tou paske prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse kontinye ap pran yon ansanm de mezi, pibliye yon seri dekrè ki leve plim sou do tout sektè nan peyi a, sof patizan ki fidèl ak li yo.
De faktè mwen mansyone kòm eleman ki fè kowonaviris la pa okipe yon premye plas nan deba aktyèl yo enskri nan yon lòd istorik trè ansyen. Sa gen pou wè ak fondman nasyon ayisyen an, fason leta konstwi, relasyon leta etabli avèk pèp la. Sa vle di, jiskaprezan leta ayisyen pa janm montre li se yon leta ki egziste pou pwoteje pèp la. Se sak fè mwen toujou konvenki ke antwopològ epi istoryen Michel Rolph Trouillot se youn nan otè ki fè yon ekselan radyografi sou leta ayisyen an, paske li wè leta sa a kòm yon leta ki enstitye l odetriman pèp la. Se pou rezon sila a, dezisyon majorite gouvènman ayisyen yo pran pa janm leve an konsiderasyon sitiyasyon reyèl pèp la, pwiske yo pa la pou kreye bon jan kondisyon pou pèp la viv. Se prensipal rezon ki fè pèp la toujou nan lari ap presyone leta a pou l ta gen yon lòt relasyon ak mas pèp la.
Dènye pi gwo mouvman ki te geyen an Ayiti, ki se konsekans bagay mwen sot eksplike pi wo a, se Pays Lock la. Si sistèm sosyal ayisyen an fonde sou inegalite sosyal, sou vyolans enstisyonèl, opresyon ak eksplwatasyon elatriye, nou ka konprann mouvman Pays Lock la te enskri nan yon lojik opoze ak sitèm sa a, epi tou se yon manifestasyon kont chomaj, mizè, enjistis ak ensekirite sosyal. Sepandan, malgre fòs mouvman an te deplwaye, sa pat fè gouvènman an plas la tande doleyans moun ki t ap revandike yo. Malerezman, touswit apre pays lock la, pandemi kowonaviris la te vin parèt, sa ki ta pral fè kondisyon pèp la vin pi difisil epi pi prekè, paske pandemi an ta pral egzije ke yo lock peyi a ankò. Se nan sans sa a, prezidan Jovenel Moïse te anonse nan jou kite 19 mas la pou te fèmen peyi a, nan objektif pou te “lite” kont viris la.
Pou sa ki gen pou wè ak desizyon prezidan Jovenel Moïse ap pran yo, nou oblije remonte nan dat ki te 13 janvye 2020 an, kote manda 19 senatè ak 118 depite te fini, sa enplike disfonksyonman palman an, ki vin debouche sou yon kriz enstitisyonèl. Sepandan, prezidan Jovenel Moïse te manifeste kontantman l nan yon mesaj sou twitter vè 00:02, kote li te di li konstate kadisite palman an. (III) Sa ki ta pral ba l yon pouvwa “absoli” pou li renye kòm maître et seigneur nan enstitisyon yo. Se nan sans sa a, li vin pibliye nouvo kòd penal amande a, ki gen plizyè atik ki soulve kòlè anpil moun nan popilasyon, tankou atik ki gen pou wè ak rediksyon majorite seksyèl la a 15 zan. Selon sa jounal Juno7 rapòte, Office de protection du citoyen (OPC) te ekri prezidan repiblik la, nan objetif pou te eksprime kèk prewokipasyon, pwiske prezidan Jovenel Moïse ta fè gras ak anviron 10 prizonye ke ladan yo ki te apèn ale nan prizon pou vyòl, sekestrasyon ak touye moun. (IV) Ansanm bagay sa yo fè kowonaviris la vin pa sijè prensipal pou konnye a, malgre prezidan te anonse reouvèto plizyè bagay ki te fèmen yo. Sa vle di, pèp la pi prewokipe ak fason gouvènman ap mennen bak peyi a ke ak kowonaviris la.
Nan tout desizyon gouvènman an te pran pou lite kont kowonaviris la, se sèlman lekòl, legliz ak ayewopò ki te fèmen, men moun yo te toujou nan lari, mache piplik yo te toujou ap fonksyone, te toujou gen manifestasyon kap rele aba lamizè ak denonse fason leta ap jere kriz Covid 19 la. Angwo, prekosyon gouvènman an te egzije yo pat vrèman respekte pwiske nan dènye ane yo, yo vin pa fè pawòl ki soti nan bouch prezidan Repiblik la konfyans. Sa ankò te kontribiye pou fè popilasyon an boude mezi otorite yo te pran yo.
M ap siyale ke, se pa sèlman Ayiti nan rejyon an ki deside leve karantèn nan. Kiba (V) gen anviron 2.361 ka epi 86 moun ki mouri, kòmanse pwosesis pou l leve karantèn nan tou. Si otorite kiben yo ka satisfè pou fason yo jere pandemi kowonaviris la, mwen panse yon santiman konsa pa ta dwe prezan lakay otorite ayisyèn yo. Nan yon tèks mwen te pibliye nan Observatório Covid 19 (VI), mwen te prezante kijan otorite etatik yo pat vrèman gen yon politik pou te afwonte kowonaviris la. Pat gen okenn mezi valab ki te pran pou te ranfòse sistèm sanitè ayisyen an, kèk otorite t ap touse manch chemiz yo pou yo t al antere apati 15 me 2020 ki sot pase a, ant 1.000 a 1.500 moun jak jou. Se previzyon sa a minis travo piblik la te fè. Si jodia sa pat rive fèt, se paske reyèlman lanati te jwe anfavè pèp ayisyen an, pwiske responsablite yo se toujou sou kont bondye bon yo ye. Kidonk, pou nouvo desizyon ki pran pou fè fonksyone bagay ki te fèmen yo, li enpòtan pou popilasyon kontinye pran prekosyon, suiv konsèy otorite sanitè yo. Anplis, li vin plis nesesè pou ministè sante piblik rete trè veyatif, pou kontwole si pral vin gen ogmantasyon nan kantite moun ki ap vin enfekte, pou yo ka aji rapidman anfavè pèp ayisyen an.

(I) https://caraibe.orange.fr/info-mag/actualites/covid-19-haiti-rouvre-ses-frontieres-aeriennes
(II) https://www.lefigaro.fr/flash-actu/coronavirus-en-haiti-reouverture-des-ecoles-et-universites-le-10-aout-20200704
(III) https://lenouvelliste.com/article/211099/jovenel-moise-constate-la-caducite-du-parlement-et-dispose-seul-de-son-budget
(IV) https://www.juno7.ht/liberation-criminels-opc-president-lucmanne-erreurs/
(V) http://www.loophaiti.com/content/la-havane-entame-son-deconfinement-mais-sans-touristes-etrangers?fbclid=IwAR0_vx3Je9JFYPeMjfRb8xh-Q18OYLT2v1EQQqVUbsVbm6yzLCulbtDML_c
(VI) https://cemiunicamp.com.br/observatorio-no-13/