Zenofobi, rasis ak pandemi nan São Paulo, Brezil

Sanel Charlotin
26/06/2020

Zenofobi ak rasis lakòz João Manuel pèdi la vi l britalman a 47tan daj. Manuel se yon Imigran angolè ki te rezide nan zòn Itaquera (SP) epi li t ap travay kòm ponpis nan yon ponp gazolin. Yo te asasinen misye aprè yon diskisyon sou Èd Ijans ke gouvènman brezilyen an bay pou ede moun ki plis vilnerab yo nan peyi Brezil. Li te konn peye enpo tankou tout lòt brezilyen yo, epi li te konn voye lajan pou fanmil nan peyi Angola. Li tap bat pou li rantre epi reyini fanmi l isit nan peyi Brezil, rèv sila te rive brize nan jou ki te 17/05/2020 an, kote yon brezilyen te bal kat kout kouto nan pwatrin li, nan kèk minit aprè atak la, li te mouri. João Manuel kite twa pitit li yo ak madanm li nan yon traka total.

Repòtaj G1 (I) nan fè konnen, lòt imigran afriken ki te avèk Manuel yo te blese grav pandan yo tap fè efò pou te anpeche agresyon an. Youn nan sivivan yo di lè diskisyon an te kómanse a, li apènn tap pale ak João Manuel pou te prete l50 reyal pou l te achte kouchèt ti bebe (“Pampers, oubyen diapers”) pou pitit fi l.

Daprè konfimasyon temwen yo, se yon diskisyon ki gen pouwè ak Èd Ijans pou konbat grangou pandan pandemi a ki te motive vyolans kont João Manuel la. Èd Ijans sila se yon dwa konstitisyonèl garanti ak tout imigran epi tou ki nan lwa imigrasyon an nan peyi Brezil. (Pou plis enfòmasyon de sa, verifye lòt tèks nan Obsèvatwa Kreyòl) (II).

Ka Manuel la nan lajistis, sant kap lite pou konbat diskriminasyon, rasis ak prejije nan Defans Piblik nan eta São Paulo ap akonpanye l. Epoutan, moun ki fè zak kriminèl sila poko responsabilize pou sa, sa lakòz yon sansasyon perèz ogmante nan fanmi imigran yo ki nan zòn nan. Inegalite, rasis ak zenofobi manifeste anpil nan periferi yo, prensipalman nan Conjunto A . E. Carvalho ki lokalize nan zòn lès São Paulo, kote João Manuel te abite a. Se poutèt sa, imigran kap viv nan zòn sila santi yo nan nesesite pou chache yon lòt zòn ki gen plis sekirite, kote yo ka jwenn èd sikolojik epi kote yo ka viv ak lapè.

Lanmò João Manuel la, ki provoke poutèt li te jwenn Èd Ijans lan, te fè anpil enpak nan jounal yo (tankou G1, BandNews, MigraMundo, Geledés, elatriye). Enpak sa te menm rive nan Meri Sao Paulo, Defans Piblik Inyon an – Defensoria Pública da União-, Mouvman nwa epi enstitisyon dwa moun yo, anplis li te rive nan zòrèy depite Erica Malunguinho k ap bay apwi pou ka trete ka sila.

Nan sa ki gen pou wè ak dwa imigran, fòk nou souliye avan menm lwa migrasyon an te apwouve (lwa 13.445/2017) nan kongrè nasyonal la, ki te pral ranplase estati etranje ki te an vigè depi sou peryòd diktati a, mouvman imigran nan São Paulo te konkeri yon lwa minisipal ki se politik pou pwoteksyon dwa imigran (lwa minisipal 16.478/2016). Ki donk, dènyèman la a, angajman sa yo te renouvle gras ak siyati “deklarasyon Meri São Paulo Marraquexe (III) – kote vil yo te travay ansanm sou dwa imigran ak refijwe yo”. 

Menm si, egziste enstriman jiridik ki garanti dwa imigran yo kòm sijè ki gen dwa, sa ki te pase João Manuel ak lòt imigran yo nan zòn lès São Paulo a fè parèt ogmantasyon diskou de rayisman kont imigran yo nan denyè lane sa yo. Kongolèz Hortense Mbuyi te fè konnen ke agresyon ak menas kont imigran afriken yo vin komen nan vil Antonio Estêvão de Carvalho nan dènyè mwa sa yo. Aprè menas yo, li te oblije abandone kay li, li kite zòn nan ansanm ak fanmi l, sa gen prèske de mwa.

Karina Quintanilha se avoka epi li se doktè nan sosyoloji nan Inivèsite Unicamp, li di sitiyasyon vyolan imigran afriken yo ap konfronte nan zòn lès nan São Paulo a pa yon ka izole, daprè analiz li te prezante nan memwa metriz li. An menm tan, Karina di ke egziste yon lide sou Brezil kòm peyi ki ouvè pou akeyi imigran, men gen yon kontradisyon politik ki manifeste nan envizibilizasyon sou tout vyolansyon dwa imigratwa nan peyi a. Prensipalman vyolans imigran yo soufri nan travay yo, nan sèvis piblik yo, vyolans polisyè, vyolans ki lye ak rasis enstitisyonèl ki dirèkman relasyone ak eritaj esklavajis ak kolinyal.

Kontèks sila travèse rapò nekropolitik ki santre sou yon seri pratik ak diskou pou lejitime inegalite de klas, ras, epi ki silansye ogmantasyon agresyon zenofonik, rasis, machis ak omofobik nan peyi a.  Brezil nan yon grav kriz politik, ekonomik epi sosyal.  Pwojè politik  ekstrèm dwat Prezidan Jair Bolsonaro a lakòz peyi Brezil tounen episant mondyal pandemi kowonaviris la.

Se vre ke vyolans ki atenn lavi João Manuel la ak lòt konfrè afriken yo fè pati de menm kontèks global sila, kote yap chache natiralize rasis estritirèl, anprizònman an mas epi vyolans polisyè sistematik, kont popilasyon ki nan maj sistèm kapitalis la, kote yo kenbe yon lojik inegal ki prezeve pwodiksyon ak repwodiksyon sistèm sila. Asasina George Floyd nan vil Minnessota, nan peyi Etazini fè pati de menm lojik sa a.

Mouvman kap fèt toupatou nan mond lan montre gen esperans, daprè revandikasyon yo!

An nou kontinye lite pou nou di ase ak zenofobi epi ase ak rasis!

 

Tèks as baze nan tradiksyon tèks original an pòtigè pibliye 7 jwen 2020 sou sit Fontié Ki Kwaze, Blòg Foroum Entènasyonal Fontyè Kwaze.                                           Disponib nan  (https://www.fontieforum.org/redes-de-solidariedade-lancam-campanhasomosjoaomanuel-apoie-imigrantes-vitimas-de-racismo-e-xenofobia-em-sao-paulo/)

 

(I)  Disponib nan: https://g1.globo.com/sp/sao-paulo/noticia/2020/05/19/angolano-morre-esfaqueado-na-zona-leste-de-sp-e-2-ficam-feridos-imigrantes-deixam-suas-casas-em-itaquera-por-medo-de-xenofobia.ghtml?fbclid=IwAR2wtP9MiN1HSelp2apUjrjUaeXWczPycsRvA8ti1OIA4bjXnRAx91lSDLg 

(II)  https://cemiunicamp.com.br/obsevatwa-kreyol/

(III) Pou plis enfòmasyon verifye sit sa: https://www.prefeitura.sp.gov.br/cidade/secretarias/direitos_humanos/imigrantes_e_trabalho_decente/noticias/?p=269159