RELIJYON KATOLIK NAN AMERIK LATIN NAN PANDAN TAN PANDEMI A

Brenda Carranza
Tradiksyon: Frantz Rousseau Déus
Campinas, 2 septanm 2020

Nan jou ki te vandredi 28 mas 2020 an, Pap Francisco te fè yon priyè endiljans plenyè. Yon aprè midi kote lapli t ap tonbe, plas Sen Pyè a te konplètman vid, Pap la t ap oryante lespri epi bay direksyon ke Legliz katolik dwe pran pou fè fas ak pandemi Covid-19 la. Avèk yon selebrasyon ekstraòdinè, yon estetik trè chèlbè ak yon seri chanson gregoryen, yon ekleraj ki te tankou ekleraj nan yon sal sinema, son klòch yo, poz ak silans nan moman seremoni an, kontribye pou te gen yon atmosfè solanèl. Yon transmisyon, sou fòm difizyon dijital, te mennen nou nan Vatikan. Nou te kanpe bò kote Pap la, nou te koute pawòl ankourajman li yo ak eksperyans li pandan karantèn nan ki sèvi kòm yon opòtinite pou ranfòse lafwa, pitye, konpasyon ak angajman nan lavi a.
Nou pwoche bò kote Pap la avèk de imaj trè ansyen: premye a, se Krisifiks Sen Masèl, ki raple yon epidemi ki te frape lavil Wòm nan lane 1522, epi lòt la se yon senbòl Vyèj Mari, ke yo te konn itilize nan epòk Konstanten (272-337 A.J). Nan kont ak nan listwa, yo fè konnen ke yo te pakouri tout lari nan vil Wòm yo ak krisifiks la pou te mande pou epidemi an te sispann. Kwayans popilè fè konnen ke yo te konn envoke imaj Vyèj la nan moman malè ak kalamite. Nou kontinye kanpe bò kote Pap la. Nou te rantre ak Francisco nan Bazilik la, kote moun ki te prezan yo ak telespektatè yo te resevwa benediksyon ekaristik Sakreman Urbi et Orbi. Silans ak lansan ogmante priyè Pap la pou viktim Covid-19 yo epi li beni tout fidèl katolik ki nan mond lan. Ou ka asiste seremoni sa a epi pataje l nan tan ak nan lespas, sèlman klike sou lyen sa a (https://www.youtube.com/watch?v=tsdrpi8AkJs). Nou remake kijan teknoloji, tradisyon ak envokasyon pase fè yon sèl nan yon bann sèn ki aliyen youn dèyè lòt epi santralize rityèl ak yerachi nan relijyon katolik inivèsèl la.


Sous: Vaticannews urbietorbi, março de 2020.

Toujou nan peyi Itali, trèz jou anvan Urbi et Orbi a, yon prèt te mache nan lavil Wòm, li te pote Sen Sakreman an, atravè yon jès sasèdotal, li te beni rezidan yo nan pòt lakay yo epi li te beni fidèl yo ki te kanpe bò lari a ak sila ki te nan magazen yo (https://www.youtube.com/watch?v=vGlXnrtyhmE). Soti avèk Sen Sakreman an (nan relijyon katolik la, yo dwe konsève losti sakre a yon kote espesifik nan legliz yo, ke yo rele sakristi) reprezante yon envèsyon ekstrawòdinè, paske se bagay sakre yo ki soti al rankontre fidèl yo, men se pa kontrè a ki fèt, sa vle di, anvan se te fidèl yo ki te konn ale nan tanp lan pou te adore bagay sakre yo.
Nan pati Atlantik sa a, yo respekte distans sosyal la kòm yon mwayen prevantif pou lite kont nouvo kowonavirus la. Yon lòt prèt ameriken ofri sen sakreman pou konfesyon nan yon estil drive-thru, li ranplase espas pou fè konfesyon an pa konfò yon machin. Sa vle di, moun k ap konfese a rete nan machin nan epi prèt la rete nan yon distans ki evalye a yon mèt pou l tande peche fidèl la (https://www.youtube.com/watch?v=TsonOwgU2Dg). Nan yon fason kreyatif, prèt la fè yon inovasyon nan pèfòmans seremoni sen sakreman an ki koresponn ak egzijans distans ant fidèl yo epi ki prezève sekrè seremoni sen sakreman an nan moman pandemi a. Konsa, nou konstate ke pratik katolik tradisyonèl yo sou rout fleksibilizasyon.
Desann nan peyi Meksik, Achevèk pwovens Durango a vwayaje nan yon elikoptè gouvènmantal. Prèt la priye epi li beni vil la, ak yon jès pou mande pwoteksyon diven: yon lòt fwa, Sen Sakreman an kite espas sakre abityèl li pou l te ale rankonte sitwayen yo, fwa sa a, li te fè pakou a an lè (https://www.youtube.com/watch?v=M8mIxN9ZQEY). Nan menmn peyi Meksik la, yon lòt Achevèk ki soti nan pwovens Toluca, te vole sou vil la epi, anplis de Sen Sakreman an, li te pote yon imaj Vyèj Mari epi ak yon relik Pap Jan Pòl II (https://www.youtube.com/watch?v=1Jbr_02qUbE). Yon prèt te fè yon jès menm jan an nan peyi Costa Rica, nan yon avyon militè ki se pwopriyete fòs sekirite piblik peyi sa a, li vwayaje sou prèske tout tèritwa nasyonal la, li beni tèritwa avèk Nòtredam de los Angeles. Daprè li, aksyon sa a “ranfòse pratik sanitè ke ministè sante a pwopoze yo epi ranfòse lafwa katolik la” (https://www.youtube.com/watch?v=iucWClFih6A). Nan menm jès la, nan Guayaquil (Ekwatè), Vyèj Schoenstatt te apwoche “depi nan syèl la” tout lopital pou te ka vizite malad epi resevwa konfò espirityèl (https://www.youtube.com/watch?v=lYFTIS2R5AU). Nan Cochabamba (Bolivi), yon prèt te transpòte Táta Santiago, ki se Sen patwon fòs ayeryen bolivyen an, epi li te beni vil la ak dlo beni (https://www.youtube.com/watch?v=3Qy2Gayptgw).
Yo mobilize vyèj, sen, relik nan rityèl pou vil yo, pou malad yo, pou fidèl yo ka jwenn gras epi jwenn kèk sinyifikasyon pou soufrans ke pandemi a pote. An menm tan, jès ki fèt nan rityèl yo gen yon rejis doub: nan yon bò, nou gen yon rapwochman ant sila ki pote bagay sakre yo (yerachi) ak fidèl yo, ki gen yon prezans enstitisyonèl; nan yon lòt bò, yo konfime epi lejitimite mezi sanitè yo, ni sa gouvènman an adopte yo ak/oswa sa ke Organizatsyon Mondyal pou Lasante sijere yo, nan yon amalgam entèdepandans ak sipò mityèl ant relijyon ak Leta/Òganizasyon Entènasyonal.
Men, si bagay sakre yo a al rankontre fidèl yo se paske yo anpeche fidèl yo al rankontre bagay sakre yo, se vre tou ke prèt yo ak ajan pastoral yo jwenn yon fason pou mennen fidèl yo nan tanp lan. Kòm konsekans entèdiksyon aglomerasyon yo, nan Brezil, tankou nan tout lòt peyi nan Amerik Latin nan, ban legliz yo te vid epi pòt yo te fèmen. Sepandan, legliz katolik yo te inove fason pou fè kominote pawasyal yo kontinye prezan nan tanp yo. Kòm egzanp, yon prèt ki se yon chantè tou te mete dè milye fotografi pawasyen l yo sou ban legliz yo pou fòme yon kominote vityèl. Epi, avèk kominote vityèl sa a, li te fè mès dominikal, li transmèt li an liy sou entènèt la. Pwopozisyon sa a te kòmanse tounen yon pratik nòmal nan anpil vil nan Amerik Latin nan.


Sous : https://noticias.uol.com.br/cotidiano/ultimas-noticias/2020/03/20/

Sepandan, te gen lòt dinamik ki te vin parèt nan pawas yo. Pa egzanp, nan Kolonbi, yon gwoup kretyen ki gen eksperyans nan medya, te nòmalize mès an liy sou entènèt la epi yo te kòmanse fè sèvis vityèl pou tante rezoud pwoblèm pawasyen yo a distans. YouTube, Facebook, Twitter, Instagram ak WhatsApp vin tounen rezo kominikasyon pou pawas yo. Avèk sa, nan tan pandemi a, kominote kretyen sa a yo te bay yon nouvo rit nan lavi kominotè nan relijyon katolik la, ni nan gwo vil yo, ni nan ti bouk kote moun yo gen aksè a entènèt (http://www.comunidadmariamediadora.com/page/). Jèn yo itilize platfòm digital yo tou pou fè live epi mete tèt ansanm pou fè kèk aktivite. Kidonk, yon gwoup jèn ki fè pati Renouvèlman Karismatik Katolik (Renovação Carismática Católica) te reyini, atravè WhatsApp, pou priye ansanm nan lari nan plizyè vil brezilyen, transmèt li an liy epi poste li sou rezo sosyal yo, tout sa te reyalize nan tan reyèl.


Sous: Facebook Paróquia Cristo Rei, Cuiabá (MS/Brasil)

Depi nan fen lane katrevendis, legliz katolik te deja kòmanse envesti nan yon evanjelizasyon ki te enkli medya yo, miltiplikasyon prèt ki konn chante ak lòt gwoup kretyen inogire nouvo fason nan jan moun yo konsakre yo ak ativite legliz yo. Sepandan, pandemi Covid-19 la te fòse legliz katolik pou pran yon lòt dimansyon se pa sèlman sou rezo sosyal yo, men tou pou te ka konsidere anviwònman dijital la kòm yon pwodiktè eksperyans relijye ak sakre.
Nan tan Covid-19 sa a, nou gade nan jewografi katolik la, nou rive dekouvri kèk moman kote relijyon katolik la gen lontan depi l ap reyenvante tèt li. Pafwa, nou jwenn sipriz, lè nou reyalize kòman pandemi nouvo kowonavirus la vin fòse relisjyon katolik tradisyonèl la pou l rantre nan nouvo egzijans entèyaktivite yo, kominikasyon medyatik epi relasyon atravè rezo sosyal yo nan 21yèm syèk la. Yon lòt fwa, li parèt enkwayab fason pratik relijye yo, ke yo konsidere kòm anakronik, reparèt ak tout fòs. Nou wè ranplasman yon repètwa senbolik ki vin aktive nan pratik ansyen ki pwomèt fidèl yo pwoteksyon diven, epi ki aktive resous pou soulaje e konsole fidèl yo devan tout gwo mal ke yon pès oswa yon pandemi ka pote. Nou konnen ke dispozitif sa yo, bò kote pa yo, deklanche detèminasyon sosyal ki fè moun yo sipòte soufrans yo pandan yon tan pwolonje kote fidèl ak sitwayen yo ekspoze epi kote lavi yo riske, menm jan Covid-19 enpoze sa konye a.
Li evidan ke si relijyon katolik la jwenn respons pou pandemi a, se paske pandemi a tou entèpele l, nou pa kwè sa?, Anplis de sa, nan yon sans, pandemi a entèpele relijyon yo. Yon istoryen ki rele Matthew Rowley, te etidye yon epidemi nan lane 1616, ki te pase nan Nova Inglaterra (Massachusetts / USA) epi li montre fonksyon sosyal relijyon yo nan peyòd kriz ekstrèm (I) yo. Selon otè a, epidemi an fòse relijye yo pou refòmile asenal teyolojik yo pou ka entèprete sans maladi a. Èmenetik epidemi a ke otorite eklezyastik yo reyalize a louvri yon pakèt posiblite pou konprann evènman sa yo kòm yon chatiman diven, ki ka sèvi kòm yon opòtinite pou fidèl yo repanti, posiblite pou bay lavi yo lòt direksyon epi pou fòtifye yo espirityèlman devan fòs lanati. Pou rezon sa a, pandemi a gen yon fonksyon salvatris, li prezante kòm yon tan de gras ak benediksyon. Lòt fonksyon relijyon an genyen se bay eplikasyon sou soufrans, pèmèt moun sipòte ris lanmò, ofri teknoloji pou jere enkyetid nan moman epidemi destriktif e twoublan sa a. Nan sans sa a, daprè Rowley, fonksyon ajan relijye yo se esplike epidemi a etyolojikman, atravè yon kosmovizyon relijye de reyalite a ki òganize selon yon finalite diven (teleyoloji), se konsa yo ranfòse enstitisyon yo epi ofri teknoloji pou simonte advèsite epi kenbe koyezyon sosyal la.
San dout Covid-19 la mete an kesyon tout pratik relijye yo, se pa sèlman pratik relijyon katolik yo, jan nou te wè sa pi wo a, ki louvri repètwa ansyen li yo pou bay sipò relijye a yon reyalite sosyal ke jiska prezan ke y ap kontwole atravè mwayen syantifik. Fonksyon sosyal relijyon katolik la, atravè inovasyon eksperyans relijye yo, se mete disponib asenal senbolik li yo, pafwa nan envèsyon fason pou apwoche bagay sakre yo nan lari, ak vil yo epi ak fidèl yo. Pafwa tou, fidèl yo rankontre bagay sakre yo nan anviwònman teknolojik yo ki dirije pa prèt ouswa lòt fidèl. Sètènman, diferan tip relijyon katolik ki nan Amerik Latin nan ofri sinyifikasyon epi rann soufrans yo sipòtab, an menm tan tou, yo mete disponib resous senbolik ak relijye yo pou jere lanmò ak lavi nan tan pandemi a.

(I) https://religionanddiplomacy.org.uk/2020/03/24/what-can-we-learn-about-religion-and-covid-19-from-the-pandemic-of-1616-an-interview-with-matthew-rowley/. Acesso 31. ago.2020.