Gid ak oryantasyon an kreyòl: yon zouti enpòtan pou garanti sante dyaspora ayisyen an nan Brezil

Asosyasyon Mawon kolabore pou kreye materyèl ki bay enfòmasyon sou Coronavirus nan Rio de Janeiro, Brezil

Mélanie Montinard (Mawon)
Tradiksyon kreyòl: Fednel Saintil
20 jiyè 2020

Nan lane 2012, Mélanie ak Robert Montinard, yon koup franko-ayisyen te kyeye asosiyasyon Mawon. Asosiyasyon sila ap chache rann sitiyasyon etranje nan Brezil pi fasil, pi an sekirite epi plis legal. Li ede nan sèvis dokimantasyon epi li ofri fòmasyon pou asire pi bon entegrasyon imigran yo nan nouvo lokal rezidans yo. Gras avèk kreyasyon yon gwo rezo, asosiyasyon Mawon ankouraje inisyativ pou fè biznis ak posiblite pou etranje yo travay nan vil Rio de Janeiro.
Nan yon pèspektiv ki soti nan eksperyans moun pou patisipe nan konstriksyon politik piblik, epi ki ekate yon lojik asistansyalis, Mawon te pran nesans li apati yon istwa reyèl sou migrasyon epi k ap chache bay mwayen ak zouti pou lòt etranje yo kapab kreye pwòp istwa yo sou tè brezilyen an. Sa ki te kòmanse kòm yon pasyon pou koup sila a te vin yon modèl enpak sosyal imen, sa vle di, yon modèl ki bay vwa pou etranje epi ki mete moun lan nan kè pwòp pwojè vi l.
Depi kòmansman nouvo pandemi kowonaviris la, yon rezo dyalòg ak travay medyasyon kiltirèl ke yo te devlope pandan plizyè lane te pèmèt yo kreye materyèl enfòmatif ki enfòme epi gide popilasyon etranje yo nan moman kriz sanitè sila, nou ensiste ke aksè ak sèvis sante piblik pou tout moun se yon dwa fondamantal, ke Sistèm Sante Inifye [Sistema Único de Sáude] (SUS) nan Brezil garanti.
Inivèsalite ak ekite nan SUS se te tèm prensipal nan aksyon ke Superintendência de Atenção Psicossocial e Populações Vulneráveis da Secretaria de Estado de Saúde do Rio de Janeiro (SAPV/SES-RJ) pou pèmèt etranje yo jwenn swen sante. Atravè Komite Nasyonal pou Sante popilasyon “imigran ak refijye” ke Mawon se yon manm, Superintendência lan ankouraje kreyasyon yon plan sante piblik trè enpòtan pou popilasyon sa a.
Depi 2017, chèchè nan inivèsite, manm nan òganizasyon sosyete sivil la ak reprezantan Sekretarya Eta a pou Sante te travay ansanm pou yo te ka konprann pèsepsyon etranje yo sou sa ki gen pou wè avèk aksè ak sante piblik nan eta a. Li te pran nesans atravè yon sondaj ki te fèt ak plis pase 100 refijye ki te soti nan Repiblik Demokratik Kongo k ap viv nan Jardim Catarina (São Gonçalo), Brás de Pina (Rio de Janeiro) ak Gramacho (Duque de Caxias). Nan rejyon kote ki gen gwo konsantrasyon popilasyon etranje, yo te ofri pwofesyonèl sante nan klinik fanmi [clínicas da famílias], yon fòmasyon sou swen espesyalize ak diferans kiltirèl.
Kounye a, aksyon yo konsantre sou swen sante pandan nouvo pandemi kowonaviris la. Pou oryante etranje k ap viv nan eta Rio de Janeiro epi elaji aksè yo nan SUS, nan mwa avril la, SES-RJ te lanse gid dijital la “Sante nan SUS se yon dwa pou tout moun: gid pou imigran ak refijye” [A saúde no SUS é direito de todos: orientações para imigrantes e refugiados]. Objektif la se pou enfòme popilasyon etranje yo sou sentòm Covid-19 la, siy li yo lè l ap agrave, epi fason yo dwe fè prevansyon, anplis endike kòman epi kilè yo ka chache swen nan SUS.
Piblikasyon an gen vèsyon an pòtigè, angle, franse ak panyòl epi kounye a li disponib nan lang arab ak kreyòl ayisyen (kreyòl) ak tradiksyon, respektivman, pa Mohammed El Jazouli ak ONG Mawon an. Konsilte materyèl la atravè lyen an:
https://coronavirus.rj.gov.br/wp-content/uploads/2020/06/orientacoes_para_imigrantes_e_refugiados_coronavirus-CRIOULO_HAITIANO-2.pdf