Enfòmasyon bazik sou Kowonaviris 2019 la

Louis Hercule Jr THYMOGÈNE*

16/06/2020

Kisa kowonaviris la ye?
Se yon ansanm viris ki bay moun ak zannimo enfeksyon respiratwa.

Konbyen tip kowonaviris ki ka enfekte moun?
Te gen anviwon 6 tip kowonaviris, men nan mwa desanm 2019 la, nan vil Wuhan nan peyi la Chin, yo dekouvri yon setyèm tip ki rele SARS-COV-2 ki vle di “Kowonaviris-2 Sendròm Detrès Respiratwa Egi”.

Kisa ki Covid19 lan?
Viris sa yo rele SARS-COV-2 a bay yon maladi ke Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) rele, an anglè COVID-19 (Coronavirus Disease 2019), ki vle di an kreyòl Maladi Kowonaviris 2019.

Kisa ki ta bay viris sila?
Nan premye rechèch ki te fèt sou kowonaviris la, chèchè yo te vini ak ipotèz ke premye ka yo ta sanble gen relasyon dirèk ak yon seri bèt nan bwa tankou: chovsourit (chòchòd), lapen epi ak kèk lòt bèt kap viv nan lanmè ke yo t ap vann nan mache Wuhan nan peyi la Chin.

Kijan ou ka atrape viris sila?
Yon moun ki enfekte kapab transmèt viris la bay lòt moun, konsa tou, bèt ki enfekte ka bay moun li. Yon moun enfekte se lè l inale sekresyon ki gen viris la. Sekresyon an ka soti nan tous ak nan boulèt yon moun ki gen viris epi ki etènye. Yon moun ka enfekte tou si men l gen kontak ak objè ki gen viris la, e pi li mete l nan bouch li, nan nen ak nan zye l yo, san li pat ijyenize men l yo.

Ki moun ki gen plis risk pou gen maladi sa?
Tout moun alawonnbadè ka pran maladi kowonaviris 19 lan, men gen yon gwoup moun ke maladi a atake pi fasil, tankou granmoun ki gen plis pase 60 tan, moun ki deja gen maladi respiratwa tankou opresyon, tibèkiloz, moun ki fimen anpil, moun ki gen maladi kronik tankou sik ak presyon, moun ki gen sistèm iminitè ki fèb tankou moun ki gen SIDA, fanm ansent tou.

Kisa nou rele peryòd enkibasyon nan kontèks maladi kowonaviris 19?
Peryòd enkibasyon an se moman yon moun rantre an kontak ak viris lan pou rive nan moman ke li komanse prezante siy ak sentòm maladi a. Nan kontèks maladi kowonaviris 19 la, peryòd enkibasyon an ant 2 a 14 jou.

Tout moun ki enfekte prezante siy ak sentòm maladi kowonaviris 19 lan?
Pi fò moun ki gen maladi sa gen dwa pa santi anyen, lè sa moun sa asentomatik. Gen lòt moun ki ka santi kèk sentòm ak siy ki pa twò grav. 20% moun gen dwa prezante sentòm ak siy ki grav anpil.

Ki siy ak sentòm maladi kowonaviris lan?
Fyèv (tanperati ki plis ke 37,8°C), tous, fatig, ou pa pran gou manje (anosmi), ou pa pran sant bagay ki santi bon (agezi), ou pa gen apeti, kò fè mal, doulè nan atikilasyon, gòj fè mal, ou pa ka respire byen, souf kout, ou gen rim, tèt fè mal, dyare e menm vant fè mal.

Kijan yon moun ka konnen si l enfekte?
Yon moun ka konnen li enfekte, sèlman lè l fè tès e rezilta tès sa soti pozitif.

Gen medikaman ki egziste ki geri kowonaviris?
Non. Poko gen medikaman efikas ke OMS libere ki ka geri maladi kowonaviris 2019. Sèlman egziste medikaman sentomatik sa vle di medikaman ki ka kontwole siy ak sentòm.

Gen vaksen pou maladi kowonaviris 19?
Non. Men chèchè yo ap travay anpil sou sa.

Kisa yon moun dwe fè si li gen siy ak sentòm maladi kowonaviris 19 lan?
Li dwe ale nan pòs sante ki se referans nan zòn kote li abite a, li dwe sonje mete mas nan nen l. Men si tout fwa yon moun ta gen souf kout ou pa ka respire, li rekomande pou ale lopital tou swit.

Kòman mwen kapab pwoteje tèt mwen?

  • Kontinye rete lakay ou, pa soti nan lari si se pa yon ijans, evite aglomerasyon.
  • Lave men ou byen ak dlo pwòp e savon e itilize alkòl jèl 70%.
  • Toujou itilize mas e, sitou lè pral soti nan lari toujou mete l.
  • Lè w touse ouswa etènye byen kouvri bouch ak nen w ak yon mouchwa, evite itilize men w pou w kouvri bouch ou.
  • Evite mete men nan je w, nan nen ak bouch ou, sitou lè li pa lave.
  • Gade yon distans 2 mèt pou piti ak lòt moun, si tou si moun sa ap touse ak/ou etènye.
  • Evite bay lan men ak anbrase moun, men sa pa vle di pou pèdi jantiyès ak lòt moun.
  • Toujou gade kay ou pwòp e toujou fè van sikile ladan l.
  • Evite pataje objè pèsonèl, tankou: kiyè, gode, asyèt, bòs dan elatriye ak lòt moun.

Kisa mwen dwe fè si yo sispèk ke mwen gen kowonaviris?
Swiv oryantasyon doktè ak lòt pwofesyonèl sante yo. Si w pa gen yon siy ak sentòm ki grav tankou: souf kout, difikilte pou respire pou yo ta transfere nan yon lopital, yo ap fè w konnen ke w dwe rete lakay ou pou fè izolman sosyal pou 14 jou.
** Nan eksperyans ke mwen genyen nan sant triaj kowonaviris Rio Grande (RS), tout pasyan ki sispèk ki pa gen siy ak sentòm ki grav, nou pran nòt sou ka yo a, epi nou oryante pou yo rete nan izolman sosyal pou 14 jou, apre sa, ekip vijilans sante rantre an kontak ak yo, jeneralman nan telefòn pou oryante yo epi fè tès pou yo.

Si mwen teste pozitif, kisa mwen dwe fè?

  • Kontinye rete izole lakay e swiv konsèy ak oryantasyon pwofisyonèl sante yo.
  • Ou dwe toujou itilize mas epi evite gen kontak ak lòt moun, si tou moun ki gen risk yo.
  • Si gen lòt moun nan kay la ki gen siy ak sentòm oswa ki teste pozitif, yo tout dwe rete an izolman sosyal pou 14 jou ansanm ak ou.
  • Si ou prezante souf kout, difikilte pou respire chèche chimen lopital rapid.

Kilè mwen ka di mwen geri?
Lè mwen pa gen okenn sentòm ak siy maladi a e mwen dwe teste negatif.

*Se yon medsen ayisyen ki fòme nan inivèsite UFRGS/Brezil, koulye a ki nan 2èm ane rezidans chiriji nan inivèsite FURG/Brezil. Aktyèlman, k ap travay nan sant triyaj COVID-19 Rio Grande/Brezil.